samedi 23 avril 2011

Note de mise en garde d' un groupe de Senateurs les 19 et 21 Avril 2011


Le Sénat de la République

Port au Prince, le 19 avril 2011

PINGA , PINGA , PINGA ,

YON GWOUP SENATE PATRIOT KI WÈ VAN DEBLOZAY VLE BLAYI SOU PEYI A

Lendi 4 Avril 2011, apre anpil chire pit, Konsėy Elektoral Pwovizwa a te bay rezilta eleksyon Novanm 2010 ak 20 Mas 2011 yo. Manifestasyon rejwisans ak kontantman kite akeyi rezilta sila yo nan kat kwen peyi a montre amoni ki te genyen ant vòt pėp la ak rezilta sila yo. Jounen jodia, enfòmasyon ap sikile kòmkwa gen manèv kap fèt nan Konsėy Elektoral la pou yo ta chanje rezilta ki soti nan BCEN an favè yon sèl pati politik,

Nap raple, pėsonn moun nan klas politik la ak sosyete sivil la pat janm fė KEP sila a konfyans, se pousa anpil nan yo te chwazi boude eleksyon sa yo, se presyon ak manifestasyon popilė ki te fòsel pran men-l, epi respekte vòt pėp la, evite yon kriz depi nan 1e tou a. Rimè kap sikile nan lari a, gentan chavire bonėt popilasyon an ki déjà mobilize nan diferan sikonskripsyon pou defann vòt yo.

Si Rimè sa yo ta konfime, nou ta renmen konnen ki kote responsab sa a yo vle mennen peyi a ? Eske yo poko konprann sans vòt pėp la 28 Novanm ak 20 Mas la ? Popilasyon an vote kont kòripsyon ak magouy, kont dirijan iresponsab ki meprize l kom pėp souvren. Tout tantativ pou pase vòt sa a anba pye kapab debouche sou yon destabilizasyon total ki ka lage gwo latwoublay nan sosyete a.

Avan li twò ta, nou mande manb KEP a ki te patisipe nan BCEN nan, resezi yo, mete enterė siperyė nasyon an pi wo pase anbisyon pouvwa ak enterė pėsonėl.

Men Senatè an fonksyon ak sila ki elu ki Siyen

Maxime Roumer William Jeanty

Edmonde Beauzile Steeven Benoit

Nene Cassy Melius Hyppolite

Le Sénat de la République

Potoprens, 21 avril 2011

Not nimewo 2

Nou menm Senate Repiblik ki déjà an fonksyon ansanm avek Senate ki eli elu ki gen gwo reskonsablite nan defann entere ak avni peyi a, nan yon not pou lapres nan dat madi 19 avril la, nou te mande manm KEP monsye Gaillot Dorsainvil la pou te evite peyi a tonbe nan boulves, le nou tande kalte rime ki t ap sikile sou desizyon BCEN lan pral pran an fave yon platfom politik an patikilye. Sa ki soti nan piblikasyon rezilta yo depase tout sa nou te ka panse. Se vre KEP sa a abitye déjà twoke vot pep la. Men rive nan nivo manipilasyon ak mepri pou vot pep la jan sa paret nan rezilta yo depase tout limit.

Nou kondane ajisman malonet, antinasyonal dirijan KEP yo pandan n ap poze kesyon sou validite resulta definitif eleksyon sa yo. Manm KEP yo ap pote reskonsablite tout zak kraze brize move desizyon sou baz lajan ak presyon politik yo pran la a. Déjà, moun mouri, kay boule, wout bloke nan Karis, nan Belade, Maissade, Leogane, Lestere ak nan dives lot kote nan peyi a. Nou detemine avan tout lòt etap pou nou jwenn laverite sou sa k pase nan denye faz pwosesis eleksyon depite pou fome 49em lejislati ak 11 senate ki pou konble Sena Repiblik la.

Nou pataje endiyasyon tout moun nan sosyete a k ap soufri nan zantray yo pou jan KEP a sal figi peyi a yon lot fwa anko. Nou, reprezantan lejitim nasyon an, n ap adrese n a konsyans sitwayen chak Ayisyen, chak Ayisyèn, nan moman difisil KEP Gaillot Dorsainvil la vle jete peyi a ki déjà sou lagraba, sou titel peyi etranje akoz iresponsablite, koripsyon, zak vakabondaj dirijan sa yo pep la sot sanksyone ak bilten vot li. .

Potoprens, 21 avril 2011

Men Senatè an fonksyon ak sila ki elu ki Siyen

Maxime Roumer Jean William Jeanty

Edmonde Beauzile Steeven Benoit

Nenel Cassy Melius Hyppolite

Jean Willy Jean Baptiste Anick FrancoisJoseph

Youri Latortue Polycarpe Wesner

Andris Riche

Position de 12 Senateurs sur les faux resultats de Gaillot



Le Sénat de la République

Note 3

Au nom de la République d’Haïti,

Face à la grossière manipulation de l’expression de la souveraineté populaire organisée par les membres du CEP avec à sa tête le président Gaillot Dorsinvil, nous, Sénateurs de la République d’Haïti, condamnons fermement le détournement de la volonté du peuple exprimée dans le vote du 20 Mars. Devant ces manœuvres politiciennes orchestrées par les antinationaux de l’INITE au service d’intérêts partisans nous nous engageons à défendre l’intérêt général de la Nation.

Le Président Préval essaie par tous les moyens de conserver le contrôle des affaires de l’Etat en réintroduisant dans le parlement l’ensemble des parlementaires qui se sont opposés à la loi sur l’augmentation du salaire minimum et qui ont voté la loi d’urgence ainsi que la prolongation de son mandat. Il aura ainsi à sa solde des éléments sans aucune légitimité sinon celle d’être des subordonnés dociles et sans qualité qu’il pourra toujours mobiliser à ses propres fins et au service d’une oligarchie méprisant l’exigence de justice sociale.

Ce viol systématique de la loi électorale détruit le fragile processus démocratique et dénie au peuple le droit de choisir ses représentants. En tant que Sénateurs de la République, nous avons sorti une note de protestation le jeudi 21 Avril et nous avons appris avec satisfaction que des organismes de droits humains dont le RNDDH et le Président élu, Monsieur Joseph Michel Martelly ont aussi appelé le CEP à respecter le vote populaire :

1) Nous saluons ces protestations et exigeons que les résultats de cette manipulation ne soient pas portés au journal officiel.

2) Nous appuyons aussi bien la requête du RNDDH que l’exigence du Président nouvellement élu d’une commission d’enquête indépendante constituée d’haïtiens.

3) Les responsables ne peuvent rester impunis ; de ce fait nous exigeons une interdiction de quitter le territoire national pour l’ensemble des membres du CEP, ainsi que pour son Directeur Général, jusqu’à ce que la lumière soit faite.

4) Nous demandons à la population de bien saisir l’ampleur et l’enjeu de cette trahison menée par un Président en fin de mandat entouré de sa clique. L’exigence de changement et de justice sociale nécessite une vigilance devant ces manœuvres antidémocratiques et demande le respect de la volonté exprimée dans le scrutin du 20 Mars 2011. Nous lui demandons de se mobiliser pour le respect de son vote et nous lui assurons de notre engagement à l’accompagner pour affronter les problèmes cruciaux du pays.

Fait à Port-au-Prince le 22 avril 2011 :

Suivent les signatures des Sénateurs et de la Sénatrice :

Maxime Roumer Jean William Jeanty

Edmonde Beauzile Steeven Benoit

Nenel Cassy Mélius Hyppolite

Jean Willy Jean Baptiste Anick Francois Joseph

Youri Latortue Polycarpe Wesner

Andris Riche Evallière Beauplan